just imagine if we were living in a different wolrd,where each and everyone of us were living in peace!
Lyrics
Imaginé by FrinleWest
Imaginé leve maten gade anwo gade anba travay no, mangé no, Bondye yes,
Help me beat my chest FrinleWest jounen-m kòmanse avèk anpil tristès mwen temwaye devan granmet la ban-m yon fason pou-m viv, mwen konnen lavi difisil men manman -m chante avèk Bondye tout bagay fasil, mwen frape misik fò
Tankou tanbou nan tèt nèg ginen Gabriel pase-m yon boutèy diven pou-m
Echapé mizè nan peyi-m nèg lakay tandé mwen konnen problem non pa ka rezoud devan jou fok nou travay di pou nou wè kote nou soti kote-n ka rive si nou wè sa nou ka kite dèyè pou tout sa kap vini pase nou gen yon jen nou viv se kom si nou pa gad dèyè, se kom si nou pa gen kè se kom si nou pa gin konsyans se Ayisyen nou ye huh kwè-m si-ou vle nou gen sa ki nan kè ke anpil lot moun pa genyen men pa itilize nan avantag nou pou nou edé sa kap vini demen tandé
Refrain
Imaginé nou tout gen bèl machin, nou tout ka reté nan bèl mansyon, nou tout ka mangé pa gen moun kap mouri grangou imaginé pa gen mulat pa gen nwa nou tout palé men-m lang kreyol imaginé yon Ayisyen edé yon lot imaginé pa gen problèm pa gen krazé brizé imagine pa gen kaochwou kap boulé nan mitan kalfou
Imaginé pa gen moun kapé mouri simpleman paske yo vle mange imaginé tout Ayisyen met tèt ansanm imaginé …
Imaginasyon m se kom si yon rèv ki te deja paralizé ki pap janm kanpe, kote mwen fè se lal kanpe pase nèg lakay vle mete nou yon koté nou pap janm leve
Tandé anba tè sis pie kote manman pa ka reflechi kote manman pa ka pale yo vle mete minòt nan bouch li kote pa ka pale nèg kanpe konnen ki moun ou ye paske lavi a change nou gen problem kilè nape kanpe pou-n wè kote nou ka kanpe Pou nou ede sa kape vini demen tandé Ayisyen nèg lakay pa bay tèt ou problem konnen kote nou soti konnen ki moun nou ye se neg vanyan se nèg maron nèg ki batay di pou liberé 1804.
Well rayi chen di dan li blan imagine pat gen 1804 imagine Dessalines pat revolté kont blan franse imaginé manman nou pate vann dlo chabon pou-l voye nou lekol imaginé nou pat gen yon edukasyon ki sovag imagine ke nou mete tèt nou a tè imaginé nou pat met zye nou anlè kote ka we tout sa ka fe nou mal imaginé ke nou pat dependan de pyès lot peyi imaginé tout bagay tap maché anfom Imaginé pat gen okenn manman Ayisyen ki tap pasé mize nan la ri
Imaginé nou tout te kanpe nou tout te ka bat bravo pou tout sa kap fè byen
by FrinleWest
Daskorecord.